Sèvi ak fòm sa a pou soumèt yon piblikasyon.
Gen kat paj nan fòm sa a.

Nan premye paj la, ki rele “Piblikasyon”, ou dwe ekri non otè dokiman an, tit piblikasyon an, epi soumèt yon rezime. Tanpri soumèt tou yon rezime nan yon lòt lang (franse, angle, kreyòl, panyòl oswa pòtigè) ansanm ak lang orijinal la.

Nan dezyèm paj la, yap mande w pou w mete referans konplè a. Nan tèt paj la, chwazi ki kalite piblikasyon li ye: “atik jounal syantifik”, “atik jounal nouvèl” oswa “chapit nan yon liv”. Ou ka chwazi “lòt” si li pa tonbe nan okenn kategori sa yo.

Nan twazyèm paj la, tanpri presize ki jan piblikasyon an disponib: “Aksè lib”, “Vèsyon orijinal otè a”, oswa “Kontakte otè a”.

Si piblikasyon an deja pibliye, tanpri mete lyen pèmanan (URL) ki mennen moun dirèkteman sou vèsyon final la.

Nan dènye paj la, yap mande w pou w bay yon otorizasyon:

Wi, mwen gen pèmisyon pou m pataje enfòmasyon sa a.

Lè m soumèt fòm sa a, mwen sètifye mwen gen dwa pou m pataje dokiman oswa sitasyon sa a. (Tekst sou otè prensipal la, ki pran responsabilite pou pataj la, elatriye).

Otorizasyon pou H.S.A. pataje dokiman sa a:
Wi, mwen bay Haitian Studies Association pèmisyon pou mete atik mwen an nan bazdone atik li a, pou manm H.S.A. yo ka jwenn aksè ak travay mwen an. Mwen konprann ke mwen ka anile otorizasyon sa a nenpòt kilè, epi mwen va kontakte H.S.A. si mwen vle yo retire li.