Sosyete rechèch ak difizyon mizik ayisyen (SRDMH)

Access Level

February 6, 2025 - Updated on February 17, 2025 at 8:16 pm

Sosyete rechèch ak difizyon mizik ayisyen (SRDMH) se yon òganizasyon san bi likratif, ki te fonde nan Montréal an 1977. Misyon l se fè pwomosyon mizik klasik, konpozitè, entèprèt ayisyen ak karayibeyen. Depi oktòb 2012, sant la jwenn abri nan Laboratwa rechèch sou mizik mondyal (LRMM) nan Inivèsite Montréal. SRDMH gen manda pou l devlope yon sant dokimantasyon ki anglobe tout kategori mizik ayisyen ak antiyè. Se konsa li rive mete sou pye yon kolèksyon ki rasanble pi rich varyete patisyon, monografi ak band sono ke nou janm genyen pou jis jodi. Fon achiv sa a pèmèt SRDMH reyalize konsè, ouvri pòt li bay chèchè epi soutni edikasyon mizikal an Ayiti.

Leave a Reply