NÈGÈS MAWON se yon òganizasyon feminis ayisyèn ki te fonde an 2015, ki lite prensipalman kont konsekans òganizasyon patriyakal sosyete a sou fanm yo. Nou vize liberasyon tout fòm vyolans ak opresyon ke tifi ak fanm ayisyèn yo sibi, epi nou plase lit feminis nou nan ideyal jistis ak libète revolisyon 1804 la te pote. Pou rive nan objektif politik sa a, nou travay chak jou pou amelyore kondisyon fanm ak tifi an Ayiti. Nou angaje nou nan pwomosyon, defans, ak ranfòsman dwa fanm nan domèn sosyal, kiltirèl, ekonomik, ak politik. Lit sa a fèt nan yon perspektiv liberasyon kont tout sistèm ki anpeche fanm yo jwi plen potansyèl yo, dwa yo, ak kò yo, toupatou nan mond lan.
Karnè Alaso Feminist ak ALASO Podcast
Nou vle Alaso pèmèt vwa feminis yo eksprime tèt yo epi ankouraje emèjans nouvo vwa pandan n ap kreye nouvo angajman. Alaso se yon espas ekspresyon feminis ak dyalòg pou devlope/oswa ankouraje pwodiksyon panse kritik, deba, ak analiz ki fè panse feminis la aksesib nan divès fòma ak metòd difizyon.
