Kondisyon Itilizasyon
Konbit Konesans pa posede oken dwa otè sou piblikasyon ki chita sou platfòm li a. Tout dokiman ak atik ki sou Konbit Konesans gen dwa pwopriyete entèlektyèl. Dwa sa yo pou editè yo oswa lòt moun ki posede yo. Dokiman yo gendwa itilize tou ak otorizayon ki respekte kondisyon difizyon yo. Nou pare pou korije nenpòt erè nou ta fè depi yo fè nou konnen.
Pifò atik sou platfòm https://testsitekonbit.hsaplanning.org disponib pou tout moun gratis. Moun ki itilize sit entènèt sa a ka konsilte epi telechaje materyèl yo sèlman pou rezon pèsonèl, edikatif oswa san fè lajan.
Li entèdi pou kopye, repwodui oswa rediffize materyèl ki sou sit sa a, swa an antye oswa mòso, san pèmisyon alekri moun oswa enstitisyon ki posede dwa otè yo. Sepandan, itilizasyon ki ekitab tankou pou etid pèsonèl, rechèch, kritik oswa fè rezime, pa konsidere kòm yon vyolasyon dwa otè.
Konbit Konesans oswa Haitian Studies Association pa pran responsabilite sou opinyon ki eksprime nan resous yo mete disponib yo.
Deklarasyon sou limit responsabilite
Konbit Konesans pa garanti ke tout enfòmasyon sou sit entènèt sa a egzak oswa konplè. Menm si nou fè tout efò pou bay bon jan kontni sou tout platfòm Konbit Konesans lan, li posib pou gen kèk erè oswa ti fot tipografi ki pase.