Kòman ou ka patisipe
Konbit Konesans
Konbit Konesans se yon pwojè ki fèt nan lespri pote kole. Se yon espas ki pote difizyon ak pataj konesans sou etid ayisyen, k ap swiv prensip aksè lib yo. Lè w ap kontribye nan platfòm sa a, chak otè kenbe tout dwa pwopriyete entelektyèl sou travay li epi li rete responsab pou kondisyon pataj ak itilizasyon tèks li a.
Nou ankouraje kontribitè yo pran bon jan konesans modalite difizyon ak reutilizasyon travay yo, lè yo verifye kontra piblikasyon yo. Tèks yo pataje sou Konbit Konesans dwe respekte kad legal ki an vigè sou kesyon dwa otè.
Platfòm nan angaje l pou fè dokiman yo aksesib, lib epi gratis pou tout moun, san restriksyon aksè. Sepandan, nenpòt demann pou itilize oswa repwodui dokiman yo dwe adrese dirèkteman bay otè a oswa moun ki mèt dwa dokiman, selon kondisyon yo defini.
Lè w ap pataje travay ou sou Konbit Konesans, w ap mete men pou anrichi ak dinamize yon espas kolektif konesans sou Ayiti ak diaspora li. Anpi tou, w ap favorize yon aksè ekitab pou la konesans. Pataje sitwèb la avèk kontak ou yo oswa soumèt dokiman aksè lib pou ede nou grandi. Ansanm ansanm, nou ka bay plis moun aksè ak konsesans ki gen pou wè ak Ayiti ak dyaspora ayisyen an.
Piblikasyon
Yon piblikasyon se yon travay akademik ki te pase nan yon pwosesis revizyon pè yo, li ka vini sou fòm yon atik jounal akademik, entèvyou, kritik liv ak lòt ekri kritik ki kontribye nan etid Ayiti ak diaspora li. Nou aksepte tou maniskri ki te aksepte, sou kondisyon ke yo gen aksè lib.
Resous
Yon resous ka yon platfòm, yon podcast, yon sant rechèch, yon sant achiv oswa nenpòt lòt antite ki gen materyèl enpòtan sou Ayiti ak diaspora li. Li pa obligatwa pou resous la gen yon nati akademik; li ka gen yon nati kominotè.
Plan Kou
Pou soumèt yon plan kou, nou mande pwogram kou ki konsantre prensipalman sou Ayiti ak diaspora li. Kontni an ta dwe abòde aspè istorik, kiltirèl, politik oswa sosyal Ayiti ak kominote mondyal li yo. Si ou pa otè plan kou a, tanpri asire w ke ou te jwenn otorizasyon nesesè pou pataje l avè nou.
Chwazi yon opsyon pou kòmanse:
- Ajoute yon piblikasyon
- Soumèt yon resous
- Soumèt yon silabis oswa yon lis lekti
- Pataje yon kòmantè oswa yon lide
Lòt fason ou ka ede nou: rantre nan HSA antanke manm, patisipe nan HSA kòm benevòl, oswa kotize pou bay HSA jarèt.