Maison d’Haïti se yon òganizasyon kominotè ak kiltirèl ki te fonde nan lane 1972, ki gen pou misyon resevwa, edike, fasilite entegrasyon, epi amelyore kondisyon lavi moun ki soti nan kominote ayisyèn, afro-desandan, ak imigran yo. Maison d’Haïti reyalize travay li atravè sis kowòdinasyon: Edikasyon, Fanmi, Fanm, Entegrasyon, Jèn, ak Centre des Arts. Menm jan ak tout souvni sa yo, dokiman, piblikasyon, lèt, foto, videyo, ak atifak ki nan achiv Maison d’Haïti fè pati yon rich eritaj enstitisyonèl.Yon eritaj ki pèmèt nou kanpe fèm nan istwa nou, anpitou viv jounen jodi a pou nou ka pi byen imajine avni nou.
Access Level Lib Aksè
Field / Area Òganizasyon
February 25, 2025 - Updated on July 3, 2025 at 2:34 pm
