Konbit Konesans se yon bibliyotèk nimerik HSA (Asosyasyon Etid Ayisyen) te kreye. Li gen ladan li piblikasyon miltileng, silabis, ak resous. Objektif konbit la se reponn ak soureprezantasyon ansanm avèk barye ekonomik ak lengwistik nan rejim piblikasyon inivèsite. Pou fè sa, li ankouraje aksè egal-ego ak dokiman rechèch ki gen pou wè ak Ayiti.
Plan aksyon nou
Rekeyi dokiman
Objektif nou se kreye yon koleksyon piblikasyon kontanporen, silabis, ak resous ki siyifikatif pou moun save, etidyan, ak piblik la. Moun k ap ranmase epi òganize kontni sa a se manm HSA ansanm avèk “Digital Fellow” (Bousye Nimerik) la. HSA a te kreye pozisyon Bousye Nimerik la pou jere bazdone k ap grandi sa a.
Metadone ak tradiksyon
N ap kataloge epi klase chak dokiman nan plizyè lang (anglè, fransè, ak kreyòl). Sa pral bay plis moun aksè ak kontni a. Moun k ap itilize sitwèb sa a kapab fè rechèch selon domèn, moun ki ekri, tit revi a, ak nivo aksè. Yo kapab chanje lang nan pandan y ap fè rechèch. Nan lavni, nou pral ajoute plis lang sou sitwèb la.
Nivo aksè
Nou deziye chak dokiman Tou Louvri (“Open Access”), Pou Manm HSA Sèlman, oswa Disponib sou Demann. Moun ki ekri tèks yo gen responsablite pou yo egzamine dwa dote pou piblikasyon pa yo pou konprann si yo gen dwa pataje dokiman an avèk tout moun nèt oswa si yo kapab distribye kèk kopi dokiman an avèk moun save parèy yo. Pou depase fwontyè akademik, nou fasilite koneksyon ant moun k ap patisipe nan konbit la – ou pa bezwen rekonèt youn moun pèsonèlman pou mande aksè ak yon dokiman ou bezwen.
Òganizasyon patnè
Ekip ki te devlope resous sa a
- Natália Marques da Silva, PhD
- Kessie Theliar-Charles
- Timothy Lomeli
- Laura Wagner, PhD
- Darlène Dubuisson, PhD
- Petrouchka LL. Moïse, MBA, DDes